Ou chita la w’ap pale mal
Ou chita la w’ap radote Tout lajounen w’ap pale anpil Zanmi m pral ba w’ yon ti konsèy Eskize m pou rete tande Pran ti chèz ba w’ m prale pale Ma va preche w’ la verite Zanmi deja ou se gason Ou paka nan tripotay Depi w nan tripotay Y’ap mennen w kay rakontè Ou pral nan tribinal Y’ap transfere w nan depo Wa mande Bondye lanmò An verite ou pap sa mouri Se pa chita mache flannen Fè bwodè tout lasent jounen Epi’w konprann ou finn rive Fò aprann byen ou se gason Fòk ou travay pou sa manje Men wi sa se pawòl granmoun Beken k’ap preche an vedèt Ou chita la w’ap pale mal Ou chita la w’ap radote Tout lajounen w’ap pale anpil Zanmi m pral ba w’ yon ti konsèy Eskize m pou rete tande Pran ti chèz ba w’ m prale pale Ma va preche w’ la verite Zanmi deja ou se gason Ou paka nan tripotay Dan lavi gen tout metye Chache yon travay ou fè Al aprann kenbe goyin Al aprann kenbe tiwèl Al aprann kenbe mato Piti kou l ye, la bon pou ou Letènèl mete yon lanmè Al aprann kenbe yon liy An verite ou p’ap menm peye kontribisyon Piti kou li ye wa va manje Fò remake mwen menm Beken M se yon nèg enfim M kreye yon travay pou m fè Fò remake mwen menm Beken M se yon nèg enfim M kreye yon travay pou m fè M pran bwa gita m M’ap preche w la verite Nan tout kapital dayiti Piti kou li ye fòk mwen manje Se paske bouch mwen fann Se pa chita mache flannen Fè bwodè tout lasent jounen Epi’w konprann ou finn rive Fò aprann byen ou se gason Fòk ou travay pou sa manje Men wi sa se pawòl granmoun Beken k’ap preche an vedèt Ou chita la w’ap pale mal Ou chita la w’ap radote Tout lajounen w’ap pale anpil Zanmi m pral ba w’ yon ti konsèy Eskize m pou rete tande Pran ti chèz ba w’ m prale pale Ma va preche w’ la verite Zanmi deja ou se gason Ou paka nan tripotay Depi w nan tripotay Y’ap mennen w kay rakontè Ou pral nan tribinal Y’ap transfere w nan depo Wa mande Bondye lanmò An verite ou pap sa mouri Se pa chita mache flannen Fè bwodè tout lasent jounen Epi’w konprann ou finn rive Fò aprann byen ou se gason Fòk ou travay pou sa manje Men wi sa se pawòl granmoun Beken k’ap preche an vedèt
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire